Liy Dirèk Nasyonal pou Detansyon Imigrasyon

AnglèPanyòlFranse

Konsènan Liy Dirèk la

Koneksyon imen an se nan kè misyon nou pou kreye yon avni san kaj kote tout moun ka viv lib epi devlope. Liy Dirèk Nasyonal pou Detansyon Imigrasyon FFI la — pi gwo liy dirèk nan peyi a pou detansyon imigrasyon gratis e san siveyans— l’enpòtan anpil pou travay nou pou bati kominote ak pouvwa kolektif ak moun ki andedan sant detansyon yo.

Ekip nou an, ki gen volontè ki byen antrene, ki pale plizyè lang, epi ki gen konpasyon, soti toupatou nan peyi a reponn plizyè santèn apèl chak mwa ki soti nan moun ki anba asistans Imigrasyon ak Ladwàn (ICE) yo. Nou sipòte bezwen imedya imigran yo pandan n ap ranfòse relasyon alontèm pou nou ka ranfòse efò òganizasyon entèn alontèm yo.

Detansyon imigrasyon yo  fèt espre e yo utilize mechanste epi yo izole moun. Ekip nou an ede moun ki nan detansyon yo santi yo mwens poukont yo, navige nan sistèm imigrasyon ki twò konplèks e abizif la, epi devlope pwòp lidèchip ak defans dwa yo:

  • Nou konekte moun ak moun yo renmen yo deyò; nou sipòte efò mou kap oganize andan detansyon pou yo fe grèv, pa manje, nou bay resous medikal, legal ak lòt resous vital; epi nou dokimante abi epi depoze plent;

  • Efò òganizasyon nou yo, ni anndan ni deyò, gen ladan yo devlopman lidèchip; fòmasyon ak pataj resous; epi fasilite patisipasyon lidè ki te nan detansyon ak ansyen lidè ki te nan detansyon nan kominote a, nan medya yo, ak nan defans politik tankou sipòte vizit nan biwo ofisyèl eli yo.

Lanse an 2013, liy dirèk la te resevwa plizyè dizèn milye apèl ki soti nan plis pase 200 sant detansyon diferan nan tout peyi a ak nan men moun ki soti nan 148 peyi ki pale 80 lang diferan. Aprann plis bagay sou istwa liy dirèk la. 

Kijan pou itilize

Liy Dirèk Nasyonal pou Detansyon Imigrasyon an disponib andedan chak sant detansyon Imigrasyon ak Ladwàn (ICE). Sa gen ladan l sant detansyon prive, prizon konte ki gen kontra ak ICE, ak Biwo Prizon (BOP) ak lòt sant federal k ap kenbe moun pou ICE.

Pou jwenn aksè nan liy dirèk la, tanpri rele 9233# nan yon telefòn etablisman an.

Liy dirèk FFI a ouvè ant 8è dimaten ak 8è diswa PT / 11è dimaten ak 11è diswa ET chak lendi jiska vandredi, sof si gen lòt endikasyon sou paj wèb sa a ak sou chanèl medya sosyal FFI yo (@migrantfreedom).

Ekip volontè liy dirèk nou an pare pou ede w. Volontè miltileng yo disponib pou pale plizyè lang diferan tankou panyòl, franse, kreyòl Ayisyen, ris ak lòt ankò.

Si telefòn nan sonnen epi li ale nan mesaj vokal, se pwobableman paske nou nan telefòn ak yon lòt moun k ap rele. Nou ankouraje w pou w kontinye rele jiskaske ou rive jwenn yon volontè. Sonje byen, li gratis pou w rele liy dirèk FFI lan.

 

FAQ

  • Nou fè tout sa nou kapab pou nou sipòte w kèlkeswa lang ou pale a. Ekip nou an konpoze ak volontè ki pale plizyè lang diferan. Prensipal lang nou jwenn sèvis sou liy dirèk la se panyòl, kreyòl Ayisyen, franse ak angle, men nou jwenn sèvis tou pou plizyè douzèn lòt lang. Si ou rele liy dirèk la epi yo mete w an kontak ak yon volontè ki pa pale lang ou a, ekip nou an ap fè tout sa nou kapab pou ba w yon lè espesifik pou w rele l ankò pou nou ka ede w nan lang ou pale a.

  • Si ou pa ka konekte premye fwa a, li posib paske liy yo okipe. Nou ankouraje w pou w eseye rele otan fwa sa nesesè pou w konekte ak yon volontè. Sonje byen, ou ka rele liy dirèk la gratis!

  • Liy Dirèk Nasyonal pou Detansyon Imigrasyon FFI a ta dwe disponib nan tout sant detansyon ICE. Si li sanble liy dirèk la pa aksesib nan yon sant detansyon patikilye, tanpri rapòte pwoblèm nan lè w soumèt fòm sa a si w anndan yon sant detansyon, ou ka ekri nou pou fè nou konnen: 

    Freedom for Immigrants 

    440 N Barranca Ave #6382

    Covina, CA 91723

  • Liy Dirèk Nasyonal pou Detansyon Imigrasyon FFI a pa gen siveyans, sa vle di ICE ak ajan detansyon yo pa ka legalman koute apèl ou yo nan liy dirèk la.

    Nan FFI, nou pran sekirite ak vi prive ou menm ak moun ou renmen yo an konsiderasyon anpil. Nou pran sekirite done ou yo trè oserye. Gwo konpayi teknoloji yo souvan vann oswa pataje done itilizatè yo ak ICE, se poutèt sa FFI estoke enfòmasyon ou yo souyon baz done ak yon sèvè ki toulede se pwopriyete FFI. Sa vle di pèsonn pa ka jwenn aksè a detay ou pataje avèk nou yo eksepte manm ekip nou yo.

  • Pandan administrasyon Trump la ap ogmante arestasyon ak detansyon li yo, plis manm kominote nou yo ap disparèt nan detansyon. Imigrasyon ak Ladwàn (ICE) pa rive...mete baz done li yo ajou regilyèman, sa ki fè li trè difisil pou manm fanmi yo ak avoka yo jwenn moun yo renmen yo. Pale ak fanmi ou epi fè yon plan pou ou memorize nimewo liy dirèk la (9233#) pou si yo arete w, ou ka rele nou gratis. Lè w rele liy dirèk nou an, ekip nou an ka ede avèti moun ou renmen yo kote w ye.

 

Artist: Erikson Martinez, Monitoring Fellow with Immigrant Action Alliance 

 

Sa nou fè

Ekip volontè nou an konpoze de defansè pasyone ak kalifye ki pare pou ede w ak yon seri sipò ak sèvis — soti nan referans legal, rive nan bezwen debaz tankou lajan komisè, sipò emosyonèl, ak tout bagay ant de sa.

  • Nou ka ede w kontakte fanmi w deyò epi sipòte w nan kominikasyon an lè nou voye dènye enfòmasyon pa SMS bay manm fanmi w ak moun ou renmen yo.Piske konpayi telekominikasyon prive yo ap chaje pri egzajere pou apèl telefonik ak videyo, volontè nou yo ka ede w evite depans sa yo lè yo pataje dènye nouvèl enpòtan ak moun ou renmen yo. 

  • Ekip nou an te konsilte ekspè medikal ak legal pou devlope resous ak gid enpòtan pou ede w jere tan w nan detansyon. Sijè yo enkli kijan pou w angaje w nan yon grèv grangou san danje, egzèsis sante mantal, gid legal pou moun ki aji poukont yo, ak lòt materyèl.

  • Volontè nou yo ka mete ou an kontak ak lòt manm ekip FFI a pou ede w ogmante òganizasyon ak defans dwa w epi ranfòse demand ou yo atravè medya yo ak rezo sosyal FFI yo.

  • Liy dirèk FFI afè li pi fasil pou moun ki nan detansyon rapòte abi san yo pa pè reprezay gouvènman an. Volontè liy dirèk yo ede moun dokimante epi rapòte abi, epi nan kèk ka depoze plent dwa sivil federal. Sonje byen, liy dirèk FFI a pa gen siveyans, kidonk nou bay yon fason ki an sekirite pou ou rapòte abi oswa neglijans andedan detansyon an.

  • Paske moun ki nan detansyon yo souvan resevwa manje ki ekspire, ki gen mwazi, oswa ki pa ase, anpil ladan yo depann sou donasyon komisarya pou yo siviv nan detansyon. Volontè nou yo ede w jwenn lajan komisarya.

  • Volontè nou yo pataje enfòmasyon kontak òganizasyon legal ki ka ede w selon etablisman kote w nan detansyon an oswa vil kote w rete a.

  • Nou konnen detansyon imigran se yon izolasyon espre epi li se youn nan moman ki pi difisil nan lavi moun. Nou konekte moun k ap rele yo ak gwoup ekri lèt ak gwoup vizit lokal pou ede kraze izolasyon entansyonèl ICE a.

  • Volontè nou yo ka ede w soumèt yon demann pou fon obligasyon bay gwoup fon obligasyon lokal ak nasyonal yo.

  • Volontè nou yo ka ede sipòte ka legal ou a lè yo ekri yon lèt sipò ofisyèl.

  • Ekip nou an ka ede w pataje istwa w la lè yo mete w an kontak ak medya yo oubyen lè yo travay avèk pwòp platfòm rakonte istwa FFI a, IMMPrint.

  • Anpil òganizasyon lokal — tankou El Refugio nan Georgia ak Louisiana Advocates for Immigrants in Detention (LA-AID) — fè yon travay enkwayab nan kote ki izole otreman. Volontè nou yo ka ede w konekte ak defansè k ap travay sou teren nan sant detansyon kote w nan prizon an.

 
 
 

Vin yon volontè avèk nou

Travay liy dirèk FFI a pa t ap posib san ekip volontè pasyone nou yo ki konsakre tan yo, konpetans yo, ak konpasyon yo nan chak orè liy dirèk la. Aprann plis konsènan volontarya ak Liy Dirèk Nasyonal pou Detansyon Imigrasyon an.


Pataje enfòmasyon sou liy dirèk FFI a ak moun ou renmen yo:

Pataje paj sa a

Voye yon pòs sou rezo sosyal yo

Kesyon? Tanpri voye yon imèl liy hotline@freedomforimmigrants.org